Apèl ijan pou sove lavi jounalis kouraje Matiado Vilmé

Yon apèl ijan lanse pou mobilize solidarite ak asistans finansye pou sove lavi jounalis Matiado Vilmé, ki se yon vwa angaje ak respekte nan sèvis kreyòl Vwa Amerik la (VOA). Apre li te sibi yon operasyon kansè an 2024, Vilmé ap kontinye batay li kont maladi a, men li bezwen sipò finansye pou suiv tretman medikal li.
Matiado Vilmé pa sèlman yon jounalis. Se yon fanm vanyan, yon modèl devouman ak kouraj. Pandan atak gang yo te lanse sou Lopital Inivèsite Leta Ayiti (HUEH) nan dat 24 desanm 2024, pandan li te fè chimioterapi, li te mete tèt li an danje pou sove lavi lòt jounalis ki te blese anba bal. Li te bay premye swen ak mwayen li te jwenn sou plas, mete garo ak pansman ak moso rad, mete sou li ak sa li te jwenn bò kote li.
Aksyon rapid li yo te pèmèt plizyè jounalis sove, menm si li pa t ka sove de kolèg li, Markenzy Nathoux ak Jimmy Jean, ki te pèdi lavi yo nan atak la. Se pa premye fwa Matiado demontre pwofesyonalis ak lespri sakrifis, men jodi a, se li menm ki bezwen solidarite nou.
Matiado ap soufri e li bezwen èd finansye pou kapab kontinye tretman kont kansè a. Fanmi li ak zanmi li lanse yon apèl bay tout Ayisyen, tout enstitisyon, tout jounalis, ak tout moun k ap viv lakay ak aletranje pou mete men ansanm.
Nenpòt kontribisyon ka fè diferans. Se pa sèlman lajan, men se yon jès ki ka sove lavi yon fanm ki te mete lavi pa li an danje pou lòt.
Pou sipòte oswa jwenn plis enfòmasyon sou kijan ou ka ede, vizite paj sa a:
Ann leve vwa nou, ann mete men nou. Matiado bezwen nou.




