Dwa dòtè nan mizik: Kisa li ye e kijan li Fonksyone?
Pòtoprens, 12 Me 2025 nan mond mizikal la, dwa dòtè oswa copyright nan lang anglè se youn nan mekanis ki pi enpòtan pou pwoteje kreyasyon atis yo. Men, anpil moun, kit se mizisyen, pwodiktè, oswa odyans,pa toujou konprann kijan dwa sa yo fonksyone. Atik sa a ap chèche mete limyè sou dwa dòtè nan mizik, kijan li jere, e poukisa li enpòtan.
Kisa dwa dòtè ye?
Dwa dòtè se dwa legal yon moun genyen sou yon kreyasyon li fè tankou yon chante, yon tèks, oswa yon konpozisyon mizikal. Depi yon mizisyen mete lide li sou papye oswa anrejistre l, li otomatikman vin gen dwa sou travay sa a. Dwa sa yo pèmèt li deside kijan, ki kote, e kiyès ki ka itilize li.
Gen de gwo kategori dwa dòtè:
1. Dwa moral: Sa bay otè a dwa pou reklame li se li ki otè a, epi pou anpeche lòt moun modifye travay li nan yon fason ki gate sans li oswa nom li san konsantman li.
2. Dwa ekonomik: Yo pèmèt otè a fè lajan sou travay li,pa egzanp, lè yon moun itilize mizik li nan yon fim, sou radyo, oswa nan yon konsè.
Kijan dwa dòtè a fonksyone?
Lè yon mizisyen kreye yon mizik, li kapab enskri l nan yon sosyete dwa dòtè tankou SACEM (Lafrans), BMI oswa ASCAP (Etazini), oswa BHDA (Bureau Haïtien du Droit d’Auteur) an Ayiti. Sosyete sa yo se òganizasyon ki jere dwa mizisyen yo, ranmase lajan pou yo chak fwa yo jwe mizik la piblikman.
Mizik la ka bay lajan nan plizyè fason:
– Lè yo jwe l sou radyo, televizyon, oswa sou platfòm tankou YouTube oswa Spotify.
– Lè yo mete l nan sinema, piblisite oswa jwèt videyo.
– Lè lòt atis fè cover oswa sample mizik la.
Chak fwa sa fèt,gen dwa pou mizisyen an resevwa yon frè (yo rele sa royalties).
Poukisa dwa dòtè enpòtan?
Dwa dòtè se yon zouti pou asire kreyatè yo resevwa rekonpans pou travay yo. San dwa sa yo, nenpòt moun te ka pran yon mizik, mete li sou non li, fè lajan sou li san bay otè a anyen. Li t ap dekouraje kreyasyon.
Anplis, dwa dòtè ede devlope endistri mizik la.Yo kreye opòtinite pou kolaborasyon, pou lisans legal, e yo mete lòd nan fason mizik itilize atravè mond lan.
Dwa dòtè se pa yon bagay abstrè oswa sèlman pou gran ak gwo atis.Li enpòtan pou nenpòt moun k ap kreye mizik, kit li se yon jèn beatmaker, yon chantè tradisyonèl, oswa yon konpozitè klasik. Konprann dwa sa yo, epi pran etap pou pwoteje yo,se premye pa pou bati yon karyè mizikal solid. Ou se yon mizisyen? Asire w ou enskri travay ou pou dwa dòtè se pa sèlman pou pwoteksyon, men tou pou ou ka viv de pasyon ou.



