Retounen lakay ou ak diyite: Pwogram CBP Home ofri $1,000 pou moun ki chwazi kite Etazini volontèman

Nan kad efò pou jere imigran san dokiman nan peyi Etazini, ajans Customs and Border Protection (CBP) mete sou pye yon inisyativ ki rele CBP Home, ki vize ede imigran yo retounen lakay yo san yo pa sibi arestasyon oswa depòtasyon fòse.
Selon enfòmasyon redaksyon Haiti9 news rekeyi, otorite ameriken mete sou pye pwogram CBP Home, moun ki chwazi patisipe nan pwogram sa a kapab resevwa yon alokasyon finansye $1,000 pou fasilite retounen nan peyi yo.
Pwogram sa a mete aksan sou yon solisyon ki pi imen pou moun ki deja jwenn lòd pou yo kite peyi Etazini oswa ki nan yon sitiyasyon imigrasyon ki pa regilye. Olye pou yo pase nan difikilte arestasyon, tribinal, prizon oswa depòtasyon, CBP Home ofri yo opsyon pou retounen lakay yo volontèman, avèk sipò moral ak ekonomik.
Pou patisipe, imigran yo ka senpleman telechaje aplikasyon CBP Home lan sou telefòn yo, swiv etap yo pou soumèt demann yo epi kòmanse pwosesis la. Si yo aksepte, yap evite estrès sistèm detansyon an, konsa yap resevwa yon asistans finansye pou ede yo rekòmanse lavi yo nan peyi yo.
Avantaj prensipal pwogram lan:
- Evite arestasyon oswa detansyon imigrasyon.
- Resevwa alokasyon $1,000 USD.
- Planifye depa w ak diyite.
- Sipò ak asistans pou òganize vwayaj ou.
Selon inisyatè yo, pwogram CBP Home lan se yon apèl a bon jan refleksyon pou tout moun k ap viv nan enkyetid chak jou sou sitiyasyon imigrasyon yo. Li pa sèlman yon mwayen pou kite Etazini,li se yon chans pou rekòmanse sou bon jan baz.




