Repòtaj
Lapolis kanpe an bandisyon kont dechoukay

Jou ki te vandredi 16 septanm 2022 a, plizyè santèn moun te pran beton an pou mande depa san kondisyon premye minis defakto a #ArielHenry epi mande pou leta fè bak sou desizyon monte pri gaz la. Manifestan yo te sakaje epi #dechouke plizyè konpayi tankou Natcom, BUH, Top Tires. Men lapolis te reyaji ak kranpon nan pye l.



